Pou fèt SAINT MONFORT 28 Avril, tout Ayisyen salye
PORT-DE-PAIX ak depatman Nòdwès.
An 1665,
flibistye Franse bati Pòdepè. De 1676 jiska 1711, Pòdepè te premye kapital Ayiti. An 1711, Okap vin dezyèm kapital Ayiti jiska 1770. Apati de 1770 jiska 1804, Pòtoprens te twazyèm kapital. An 1804, Machan-Desalin vin katryèm kapital Ayiti, jiska lanmò Dessalines an Oktòb 1806. Pòtoprens retounen kapital Ayiti apati de lanmò Dessalines.
27 Fevriye 1903, dife detwi Pòdepè. Depi dife sa, vil la pa janm rejwenn istwa vigè li.